Premye minis defakto a, doktè Ariel Henry, nan yon twit li fè deklare 7 fevriye 2022 a fè 7 mwa depi malfektè san fwa ni lwa te asasinen ansyen prezidan peyi a Jovenel Moïse.
Chèf gouvènman defakto a, fas ak sa, fè konnen : » « fòk nou rann prezidan an jistis ».
Yon lòt kote, jij Gary Orelien, nan yon anrejistreman jounal CNN genyen deklare Ariel Henry lye e zanmi ak sèvo asasina Jovenel Moïse la.
Jij ki t ap mennen ankèt sou dosye lanmò Jovenel Moïse la, Gary Orelien, pi lwen, deklare Ariel Henry se prensipal sispè nan asasina Jovenel Moïse la.