AYITI/ADMINISTRASYON: ANSYÈN SENATRIS NÒ AN REMÈT MACHIN KI TE NAN MEN LI AN

Biwo senatris nò an, nan yon nòt pou laprès fè konnen ansyèn senatris la, Dieudonné Luma Étienne remèt machin leta li tap fonksyone an.

Jan sa ekri nan atik 26 enstitisyon an, sena a dwe senatatè (tris) yo machin pandan dire manda yo pou sèvis yap rann peyi an kòm otorite etatik.
Selon nòt biwo senatris Nò an, machin lan te la pou li sèvi sòti 9 janvye 2017 pou rive 10 janvye 2022.

Mak machin sila se yon Nissan patrol ki gen koulè gri ane 2019, nimewo plak SE 05760 nimewo motè vk 56-085477P type:TTR.

Nap raplew, desizyon sa pran aprè biwo ti rès sena a te sòti yon nòt pou te mande ak tout ansyen senatè pou pote vini machin ki te nan men yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …