AYITI/POLITIK:KAN DESALIN POU SOLÈY LEVE MANDE POU GENYEN YON SÈL AKÒ

Kan Desalin pou solèy leve nan kad Yon konferans pou laprès nan jounen vandredi 11 fevriye 2022 an, fikse pozisyon li pa rapò ak desisyon ki pran 7 fevriye 2022 an, epi mande pou genyon sèl akò.

Kan Desalin pou solèy leve plede  pou yon akò politik nasyonal enklizif, nan sousi pou wete peyi Dayiti nan sityasyon difisil li ap travèse a, daprè pawòl Jean Jacklin Exantus.

Kòdonatè jeneral konstwi lavi a, Harrison Ernest, fè konnen li enpòtan pou tout non ki ap site yo ak sila ki pa site yo fè yon tèt ansanm pou kapab genyen yon grenn akò ki ap pote non « Akò politik nasyonal enklizif ».

 » Sa vle di tout akò fè yon grenn tèks nan lide pou yo defini yon grenn oryantasyon akoz nou gen yon grenn peyi », deklare Harrison Ernest.

Pilwen, sekretè adjwen sektè fanm OFFEDEV, Ilmose Dorvilier lanse yon apèl bay tout fanm pou yo mete tèt yo ansanm epi pran plas nan lavi politik peyi a. » Si nou pa pote boure nan sa ki ap fèt yo, nap toujou dèyè ».si nou pa parèt tèt nou, deklare sekretè a.

Kan Desalin pou solèy leve fè konnen li bay 15 jou sèlman pou tout akò yo mete tèt ansanm pou avansman peyi an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …