AYITI/ ENSEKIRITE: CHÈF BRIGAD JIRADO AN TONBE ANBA BAL BANDI

Bandi touye nan nan lannwit samdi pou rive dimanch 13 fevriye 2022 a chèf brigad zòn Jirado a, Janel Chery.

Chèf brigad la jwenn lanmò li apre yon operasyon li te mennen nan tèt kole ak gwoup li epi lapolis pou te bare lawout ak yon gwoup bandi ki te vle tabli baz yo nan zòn Jirado.

Selon enfòmasyon nou rive jwenn nan men yon pwòch chèf brigad la, Bandi yo pran Janel nan yon pyèj, yo rele li nan telefòn pou yo fè li konnen gen yon bandi nan zòn nan pou yo al prann, nan soti li bandi yo mete men sou li, malgre vijilans popilasyon an ki te kouri lopital ak li, li mouri sou kabann lopital

Janel Chery se yon motab ki abite nan rak sou komin petyonvil, li se papa twa (3) pitit: de (2) fi ak yon gason.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …