Nan yon videyo ki ap sikile sou rezo sosyal yo, Mikaben, touswit apre eskandal entèvwyou li te bay kote li t ap pale de Annie Alerte la, mande menm Annie Alerte sa eskiz ak tout lasosyete.
Chantè a nan videyo ki ap fè tou rezo sosyal yo, fè konnen, pou defann tèt li se pa tout entèvyou li bay la ki soti, men se sèlman yon ti moso. » Nan ti moso sa ki soti a se yon imaj de Mika avèk anpil mank respè anvè yon moun ki se yon atis tout moun renmen. Mwen menm pèsonèlman, m gen anpil estim pou li », esplike Mika.
Ansyen chantè krezi mizik la, pi lwen, fè konnen se domaj moso sa ki soti a pa fè Annie jistis e li pa fè relasyon m te gen ak Annie a jistis non plis. » M vrèman dezole, Annie pa merite sa », konkli enteprèt Ayiti se a.