AYITI/SOSYETE :KOFAPROJOMO MANDE POU DWA MEDANM YO RESPEKTE

Projomo ( projet pour la réalisation des objectifs et la concrétisation des idéaux du président Jovenel Moïse ) leve vwa yo byen wo nan yon nan konferans pou laprès di non ak vyolans ki ap fè sou fanm yo.

Responsab fanm nan Projomo Charles Jésula eksplike kijan fanm yo sibi tout kalite vyolans tankou : »vyolans domestik , vyolans fizik, seksyèl ,epi menm vyolans politik »

Nou menm fanm ki andann projomo nou reyalize depi Ayiti egziste dwa nou pa janm respekte ,nou fè kòm si ke dwa nou pa egziste selon pawòl responsab la.

Charles Jésula mande ak kondisyon féminin se yo menm ki pi byen plase pou yo pale ak gouvènman an pou dwa medanm yo respekte ,medanm yo bezwen bon jan sant pwofesyonèl pou mesye yo ka sispann pyetine yo paske yo gen dwa menm jan an tout moun.

Pilwen responsab projomo an Charles Jésula di tout dirijan nou yo ak tout moun ki pretan di yo ap fè peyi nou di fòk kota 30% respekte ,fòk yo emèje.

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …