AYITI/POLITIK: CLAUDE JOSEPH REPWOCHE ANSYEN PREZIDAN JEAN BERTRAND ARISTIDE EPI TRETE LI ENGRA

_Ansyen premye minis pou yon bout tan sou administrasyon Jovenel Moïse la, Claude Joseph, repwoche ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide epi trete li engra nan yon mesaj li poste sou paj fesbouk li jounen dimanch 13 mas 2022 a._

Touswit apre ansyen prezidan peyi Dayiti a fin fè diskou nan yon seremoni gradyasyon kote li di : » mèt chat la manje chat la. Menm moun fou sezi », Claude Joseph, ansyen premye minis peyi Dayiti a pa t pran tan pou reponn li.

« Ala chat te bon. Li bay rat paspò diplomatik pou sove lavi ki t ap depafini ak kolonyaviris », ekri ansyen minis zafè etranje ki, yon lòt bò, souliye « granmèsi chen se kout baton ».

« Sa se engra TITID. Si chat te nayif konsa jiskaske mèt li mete ak lòt gwo rat pou manje l, gen lè chat la se te yon ti mouton », Claude Joseph.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …