SALVADÒ/SEKIRITE: LAPOLIS NAN PEYI SALVADÒ METE ANBA KÒD PLIS PASE SIS MIL (6,000) BANDI NAN SÈLMAN NÈF (9) JOU

Lapolis nan peyi Salvadò mare kou krab plis pase si mil (6,000) bandi ak gwo zam fann fwa ki te anpeche popilasyon an vakye ak ativite yo..

Bandi sa yo jwenn arestasyon yo nan yon operasyon lapolis mennen nan fyèf yo pandan nèf (9) jou,Prezidan peyi a, Nayib Bukele ki tap reyaji sou arestasyon sila fè konnen si ta gen malè patizan bandi sa yo ta eseye al vanje oubyen pèsekite popilasyon an menm yon grenn diri yo pap bay bandi yo nan prizon an pou yo manje.

Nap raple peyi Salvadò fè pati de peyi nan mond lan kote ki gen plis ensekirite.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …