LEMOND/JISTIS: YON ANSYEN PREZIDAN KONDANE POU LI PASE TOUT VI LI NAN PRIZON AKOZ LI GEN MEN LI TRANPE NAN LANMÒ PREZIDAN THOMAS SANKARA

Tribinal militè Ouagadougou, kondane twa (3) moun ki gen men yo tranpe nan lanmò ansyen prezidan peyi Boukinafaso a, Thomas Sankara pou pase tout vi yo nan prizon jounen mèkredi 6 avril 2022 a.

Pami moun sa yo ki pral pase tout vi yo nan prizon an, nou jwenn ansyen prezidan Blaise Compaoré, chèf sekirite li nan epòk la Hyacinthe Kafando epi jeneral Gilbert Diendéré, ki li menm te deja kondane pou li pase 20 lane nan prizon akoz li te patisipe nan yon tantativ koudeta nan lane 2015.

Nap raple ansyen prezidan peyi Boukinafaso a, Thomas Sankara te asasinen nan lane 1987

kredi foto: Le monde

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …