Ayiti/Nòt: Fanmi Lavalas mande popilasyon an pou leve kanpe kont ensekirite

_Nan yon nòt pou laprès li mete deyò jounen 17 jen 2022 a, pati politik Fanmi Lavalas mande majorite a pou fè linite nan dis (10) depatman peyi a ak nan dyaspore a pou kapab kwape fenomèn ensekirite a anndan peyi a._

Fanmi Lavalas fè konnen swit ak gwo mouvman ki fèt jounen jedi 16 Jen nan depatman Sid peyi a, espesyalman nan Okay , òganizasyon politik Fanmi Lavalas bat bravo pou kouraj ak deteminasyon sila ki fè mouvman sa. « Pèp ayisyen an pwouve yon lòt fwa ankò li vle kondisyon lavi l chanje, li swaf bon jan sekirite », ekri nan nòt la.

« Fanmi Lavalas envite majorite a pou kontinye fè inite nan dis depatman peyi a ak nan onzyèm nan pou kapab kwape tout kalte ensekirite anndan peyi a pou ka sikile san kè sote, pou pitit nou ka al lekòl, pou nou ka viv tankou moun », kontinye nòt ki souliye « van tèt ansanm sa dwe kontinye soufle pi fò nan tout sektè nan tout kwen anndan peyi a. Fòk sekirite blayi anndan peyi a ».

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …