LEMOND/KONTESTASYON: POPILASYON PEYI SRI LANKA A FÈ PREZIDAN AN PETE PÒT KITE PALÈ A,YON LÒT GWOUP ANVAYI KAY PREMYE MINIS LA.

Prezidan peyi Sri Lanka a, Gotabaya Rajapaksa lagel pye li samdi 9 jiyè 2022 a anvan yon gwo foul moun anvayi rezidans ofisyèl li nan Colombo, yon lòt foul moun anvayi kay premye minis la, Ranil Wickremesinghe.

Moun sa yo ki trè an kòlè fè prezidan an mawon, pèsòn moun pa rive konnen ki kote prezidan ye nan moman an la, yon lòt gwoup bò kote pa yo atake kay premye minis la epi mete dife ladann apre, premye minis la deklare li ap demisyone, foul la kontinye ap grandi pou chache prezidan an ak premye minis la ki pa fè anyen pou rezoud kriz kap sakaje peyi a selon sa moun yo fè konnen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …