AYITI/KRIM: YON MEDSEN PETE DE (2) JE MADANM LI.

Yon medsen ki rele Pincherle Hyppolite pete de (2) je madanm li pandan wikenn nan nan depatman nò peyi a.

Sityasyon sa rive selon enfòmasyon nou rive jwenn, madanm nan ki rele Petcher-lynn Isemenord tap koute yon emisyon evanjelik nan yon radyo nan depatman an, mari ta mande li pou fèmen radyo a, madanm nan ki pat dakò pou fè sa pran anpil chaplèt nan men mari a ki rive pete de (2) je li.

Petcher-lynn Isemenord se yon jiris an menm tan yon medsen ki ta ansent twa (3) mwa pou mari li Pincherle Hyppolite selon yon manm nan fanmi an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …