AYITI/KIDNAPIN: KIDNAPÈ YO FRAPE FÒ JOUNEN DIMANCH 17 JIYÈ 2022 A NAN BLÒK DÈLMA 30.

Bandi yo bote anpil moun jounen dimanch 17 jiyè 2022 a nan zòn Dèlma 30 pa twò lwen ponp gaz la.

Bandi yo te nan twa (3) machin yon Toyota land Cruiser, ak de (2) pick up selon moun ki te sou plas nan moman an, ale avèk anpil moun, pami moun yo ale yo yon jounalis kap travay pou Alterpresse ki rele Décimé Edner. Apre jounalis la, bandi yo pran yon moun ki te nan yon Rav4 ki gen plak AA 61579, yo pran plizyè moun ki tap pase nan zòn nan.

Pou yo te ale san twòp difikilte ak moun yo, bandi yo te tire anpil kout bal epi yo pase jowofa nan machin yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …