AYITI/POLITIK: PATI RASANBLE E ALYE MANDE POU PREMYE MINIS DEFAKTO A, ARIEL HENRY LAGE PYE LI.

Pati « Rasanble & Alye nan yon nòt konjwen pou laprès ki pote dat 11 dawout 2022 mande ak premye minis defakto a, Ariel Henry pou lage pye li bay yon lòt moun ki kapab jere peyi a.

Nan nòt si la ou ka li:

 » Se avèk anpil lapèn ANSANM PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON SOSYOPOLITIK sa yo ap konstate depi plis pase 12 mwa ak kèk jou, kijan otorite yo kontinye meprize popilasyon ayisyèn nan kap viktim zak kidnaping ak tout lòt fòm vyolans chak jou. Nap denonse enkapasite Ariel Henry ak ti ekip sansi sa yo kap fin souse san pèp la, ki pa montre volonte pou yo pote bon jan solisyon ak pwoblèm ensekirite a, ki finn dekapitalize fanmi yo epi kraze tout enstitisyon anndan peyi a.
Ariel Henry ak ti group pati politik kap dirije peyi a montre ke yo pa gen kapasite pou pote solisyon ak lamizè, lavi chè ki pa sispann ronje sosyete a.

ANSANM PATI POLITIK ki siyen nòt sa ap mande pou Ariel Henry kite tèt Leta pou yon lòt ekip moun responsab vini ak solisyon nan sitiyasyon peyi dayiti trouve li an.

ANSANM PATI POLITIK sa yo ap konstate olye pou PM defacto Ariel Henry travay pou kwape ensekirite ak lavi chè nan peyi a, li pito chwazi yon ti ekip zanmi’l ki pote non komisyon fasilitasyon. Li voye yo al negosye ak lòt Pati politik pou li kapab kenbe pouvwa a jiska 2025. Nou ap denonse swadizan komisyon dilatwa sa, nap tou fè yo konnen Ayiti pa byen manman yo ak byen papa yo te mouri kite pou yo. Nan sa peyi a ye la, vwa tout pitit peyi a konte. Nap denonse tout ti gwoup pati politik mètdam sa yo ki vle fè kwè peyi a se pou yo sèl li ye, yo gen dwa separe l jan yo vle.

ANSANM PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON ki siyen nòt sa ap denonse ak tout fòs rankont ant Ariel Henry ak Fritz Jean. Kote nan rankont sa, Ariel Henry ak ti group Pati politik kap dirije peyi a vle fè Ariel vinn Prezidan epi bay Montana pòs Premye Minis la. Nou voye jete byen lwen lide ki kache dèyè rankont sa.

Yon lòtbò, ANSANM PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON ki siyen nòt sa ap mande gouvènman esplikasyon sou plis pase 3 milya goud ki debloke nan Leta a pou fè apèzman nan katye popilè yo ak nan sektè agrikòl la. Nou pa remake yon goud ni nan katye Popilè sa yo ni nan milye peyizan ak nan asosiyazyon plantè yo. Okontrè se mizè nou wè kap kontinye kale nan katye popilè yo, latè pa travay pou bay popilasyon ayisyèn nan manje. Kote plis pase 4.5 milyon ayisyen menase pou mouri ak grangou.
ANSANM PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON konstate ekip sa pa fè anyen pou akonpaye manman ak papa pitit pou antre lekol lan, pandan yo di 3 milya goud debloke nan kès Leta pou fè apèzman sosyal.

PÈP AYISYEN, ANSANM PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON, ap fè apèl ak tout pitit peyi a ki wè nesesite pou pran yon lòt direksyon politik ak peyi sa a. Pou vinn rasanble ak ansanm Pati politik sa yo pou nou fòse Ariel Henry ak ti gwoup pati politik kap finn souse ti ma richès peyi a kite pouvwa a. Nou envite popilasyon an leve kanpe pou fè revandikasyon li yo respekte.

ANSANM PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON ki siyen nòt sa a kwè depi 7 fevrier 2022 Ariel Henry pèdi ti moso lejitimite prezidan Jovenel te ba li a. Aprè asasinay Prezidan Jovenel Moise yon group pati politik ak kèk óganizasyon sosyal te bay Ariel Henry yon ti moso konfyans nan yon akò 11 septanm, nan sousi pou te bay sekirite ak òganize eleksyon jeneral nan peyi a. Nou konstate akò 11 septanm sa tonbe, Kounyea Ariel Henry pa gen ni lejitimite ni konfyans pèp la.
Pou tèt sa, ANSANM FÒS POLITIK sa yo ap mande pou 10 Senatè ki an fonksyon yo e ki se sèl otorite lejitim konstitisyonèl peyi a genyen, pou pran inisyativ dyalòg politik la nan lide pou vini ak yon nouvo gouvènman tranzisyon pou mete sekirite ak òganize eleksyon jeneral nan peyi a.

Pou n fin ANSANM PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON ki siyen nòt sa ap sipote epi kore tout mouvman popilè tout kote andan peyi a pou fòse Ariel ak ti klik pati politik li yo kite pouvwa. »

Ayiti paka kraze, Ann RASANBLE

Se sou pawòl sa yo nòt konjwen sila fini ak siyati tout òganizasyon epi pati politik ki chwazi kanpe bò popilasyon an selon sa yo fè konnen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …