AYITI/ZEN: LAPOLIS JWENN NAN MEN BANDI NAN LAKOU PEYI DAYITI YON ZAM GOUVÈNMAN AMERIKEN TE FÈ POU GÈ VYETNAM.

Nan yon operasyon lapolis peyi Dayiti mennen nan Senlwi di sid jounen vandredi 2 septanm 2022 a, de bandi tonbe, yo rive sezi de zam ladan yo yon M16 -A1 ki se pou gouvènman ameriken selon yon veteran nan lame peyi Etazini.

M16-A1 sila selon veteran lame ameriken, Rod Joseph zàm sa se premye seri M16 gouvènman ameriken te fè pou gè Vyetnam, selon veteran an leta ayisyen dwe egzije gouvènman ameriken pou di kijan yon zam konsa fè ateri nan lakou peyi Dayiti e nan men bandi ankò

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …