AYITI/POLITIK: PKL REYAJI SOU KRIZ KAP RAVAJE PEYI A E PWOPOZE KÈK PWEN DE DEPA.

Pati Konstwi Lavi ki gen sig PKL reyaji sou kriz kap ravaje peyi a e pwopoze kèk pwen de depa jounen lendi 31 oktòb 2022 a, nan yon konferans pou laprès.

Prezidan pati sila, Harrisson Ernest ki te pran lapawòl salye depa PDG Pere Eternel Lotto a, Eric Jean Baptiste e voye senpati li bay fanmi ak zanmi pwòch li espesyalman manm RDNP yo.

Selon doktè a, sityasyon difisil peyi a ap konnen nan dènye jou sa yo se tout moun kap soufri li nèt an jeneral, pou doktè a rasanbleman kap fèt la yo ant plizyè pati politik pap pote okenn solisyon paske depi sou ansyen prezidan Jovenel Moïse yap òganize yo konsa, li tou pwofite raple pati politik yo misyon yo ki se « travay pou pran pouvwa nan eleksyon » e sa PKL ap fè li menm.

Li fè konnen pou jwenn yon solisyon nan kriz la, se yon chita pale ant dis (10) depatman peyi a ak dyaspora a sou konjonktirèl la kote anyen pa ka fonksyone, lekòl pa ka ouvri, lopital bloke, wout bloke moun ap mouri tri bò pa bò, vare bloke gaz la pa ka soti pou repete kèk nan pwoblèm li te soulve yo pandan li te poze anpil kesyon sou yo.

Pilwen li fè konnen chita li ak premye minis defakto a, Ariel Henri se pou pwopoze li yon solisyon ak kriz la, li voye jete tout bri kouri kap bouyi sou do li kòm kwa li tal negosye pou bandi yo ki te ba li misyon pandan li mande yo pou sispann ak ipokrizi yo a.

Yon lòt bòt li konseye tout moun pou pa pè kritik pou yo pèsevere nan sa yap fè e gen pou fè paske menm moun sa yo kap kritike yo jodi a nan jou siksè a se menm yo menm ki pral ap chache yo, pale de yo. Doktè a denonse menas lap sibi anba men yon pil pati pandan yo parèt tèt yo pou vini ak yon soti kriz pou peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …