AYITI/ENSEKIRITE: GWO MASAK NAN ZÒN GRAN CHEMEN NAN LOKALITE SOUS MATLA.

Pou piti 14 moun mouri, 19 kay boule nan lannwit madi 29 novanm 2022 a nan zòn Gran chemen ki chita kò li nan lokalite Sous Matla.

Sityasyon sa rive apre popilasyon an te kouri dèyè yon gwo bandi ki rele « Big », yo te boule kay li yon fason pou sa ki rive nan zòn Lafito ak Titanyen an pa rive yo selon enfo nou rive jwenn, malgre tout sos popilasyon an te lanse nan laprès bay lapolis yo pat rive jwenn okenn èd bò kote lapolis ak otorite defakto yo, koz nan lannwit madi 29 pou rive mèkredi 30 novanm 2022 a bandi yo debake nan zòn nan yo vide bal met dife boule kay ak tout moun ladan yo.

Nan moman atak sila yon jèn kap vann fresko nan zòn nan mouri anba dife bandi yo e selon enfo yo genyon timoun 7 mwa ki pase anba flanm dife san konte plizyè lòt ki blese anba bal.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …