AYITI/ENSEKIRITE: GRAS AK SIPÒ GOUVÈNMAN DEFAKTO A,BANDI GRAN RAVIN ANVAYI PLIZYÈ ZÒN NAN KAFOUFÉY.

Gras ak sipò gouvènman defakto a bandi nan Gran ravin yo anvayi plizyè zòn anndan Kafoufèy nan apre midi dimanch 13 out 2023 a pou rive maten lendi 14 out la.

Nan atak sa bandi yo mete dife nan plizyè kay, tire epi vòlè tout sa moun yo genyen, selon enfo yo plizyè moun pran bal e plizyè lòt gentan pèdi lavi yo, anpil moun ap kouri kite kay yo pou yo pa viktim anba bal bandi yo ki prèske akonpli misyon yo ki se pran kontwòl tout zòn nan Kafou fèy.

Nap raple nou depi novanm 2022 popilasyon an ap mande otorite defakto yo èd ak sipò pou anpeche bandi yo anvayi yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …