AYITI/ENSEKIRITE: MEN LI ZÒN POU NOU FÈ PRIDAN LADAN YO JOUNEN DIMANCH 20 OUT 2023 A.

Gras ak sipò gouvènman defakto a ak wo kòmandman lapolis la bandi yo pa sispann taye banda anndan peyi a e met dlo nan je popilasyon an, moun nan Bon repo konnen yon move nwit anba kout bal bandi Kanaran yo kap eseye anvayi plizyè lòt zòn nan plèn nan.

Selon enfo yo plizyè moun nan popilasyon an pran bal, anpil nan yo pa ka soti ale lopital, zòn bandi yo poko rive yo, pifò moun yo oblije kouri kite zòn nan pou pa tonbe anba bal bandi yo.

Selon apèl nou resevwa de plizyè zòn nan peyi a, nap mande moun kap viv nan bon Repo Lilavois, Rozambè, Kanaran, Kabarè, ak tout zòn ki tou pre yo pou fè anpil pridans.

Nap mande moun Karade, Vivy Michel, Taba, Delma 31, Dèlma 33, Dèlma 75, 83 ak zòn ki tou pre yo pou yo fè anpil pridans selon enfo yo gwoup bandi ki gen nan tèt yo Vitelhomme ap prepare yon gwo atak sou zòn sa yo.

Menm sityasyon an pou plizyè zòn nan Kafoufèy, bandi yo pa deside bay vag, yo kontinye ap avanse sou plizyè zòn anndan Kafoufèy malgre rezistans popilasyon an ak kèk polisye nan zòn nan.

Sityasyon trè konplike nan Latibonit la, gwoup bandi Savyen yo nan tèt kole ak bandi Kwaperis antann yo pou yo fè yon pote boure sou Senmak ak Gonayiv, yè bandi nan Kwaperis kidnape plizyè moun ladan yo de (2) jwè foutbòl.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …