AYITI/ZEN: APRE 3 JOU NAN PEYI DAYITI, DELEGASYON PEYI KENYA A SANBLE PA WÈ BAGAY YO MENM JAN AK POPILASYON AN.

Delegasyon peyi Kenya a ki te rantre nan peyi a jounen 20 out 2023 a retounen lakay yo jounen mèkredi 23 a ak yon pwogram ki diferan de sa popilasyon an ap atann de yo a.

Selon enfo yo delegasyon sila ki te vin evalye teren an, rankontre ak otorite defakto yo ki nan tèt lapolis la ak nan gouvènman an pou site sa yo, apre evalyasyon an e ti bat bouch yo mesye yo ta sanble pa nan lojik goumen ak bandi yo. Sa popilasyon an ap atann de fòs milti nasyonal la sanble se yon rèv.

Selon enfo yo fòs Kenya yo ta vle bay tèt yo misyon pou pwoteje travay gouvènman defakto a, awopò a, waf yo, kontwole wout prensipal yo pou site sa yo poutan popilasyon an yo menm ap tann yon fòs ki pral twoke kòn ak bandi yo, dezame yo pou yo kapab reprann aktivite yo e retounen lakay yo, yon dosye nap swiv.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …