AYITI/ENSEKIRITE: PLIZYÈ FIDÈL LEGLIZ PASTÈ MARCO TONBE ANBA NAN YON TWOKE KÒN AK BANDI NAN KANARAN

Bandi nan Kanaran touye pou pi piti yon dizèn fidèl legliz pastè Marco, plizyè lòt pran bal e bandi yo kidnape yon pil lòt apre midi samdi 26 out 2023 a nan zòn Kanaran.

Sityasyon sa rive nan moman yo te akonpaye ak pastè yo ke tout moun konnen sou non Marco nan yon manifestasyon ki te gen pou misyon mache pran bandi yo, nan rive yo nan fyèf bandi yo selon enfo yo, bandi yo sène yo e ouvri kout bal sou yo, anpil nan fidèl yo mouri e pran bal san konte sa bandi san fwa ni lwa yo kidnape, yon nouvèl ki pa fè okenn moun nan popilasyon an byen.

Selon enfo nou rive jwenn pastè Marco ki te nan tèt manifestasyon an ta resevwa 2 bal, yon enfo ke nou poko konfime, nap vini ak plis detay.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …