AYITI/ENSEKIRITE: GWO MALÈ PANDYE SOU TÈT MOUN KAP VIV NAN KOMIN SODO, YON LÒT FWA ANKÒ BANDI ANVAYI YO.

Apre masak vandredi 22 septanm 2023 a nan zòn Sodo kote bandi yo te touye pou pi piti 11 moun, blese plis pase 14 lòt, boule komisarya epi vòlè plis pase 12 machin selon yon ti bout bilan majistra vil la bay nan mikwo kèk medya.

Bandi yo fè yon lòt pote boure ankò jounen lendi 25 septanm 2023 a selon enfo nou rive jwenn yo ta fè plizyè dega, polisye ki te sou plas pat ka reziste te oblije lage pye yo, popilasyon an ki lage pou kont yo pran raje pou yo pou sove vi yo anba bandi yo.

Nan yon bout videyo kap sikile sou rezo yo bandi Izo konfime se gwoup li kap frape, selon sa li fè konnen tout tan li pa jwenn sa li pèdi yo moun Sodo pap jwenn souf.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …