AYITI/KANAL: OEA METE BOUCH NAN DOSYE KANAL LA, YO PRAN DESIZYON APRE YON BAT BOUCH ESPESYAL

Yon delegasyon OEA ta dwe antre nan peyi a pou ale Wanament nan jou kap vini la yo pou ale gade ak de (2) nawè yo konstriksyon kanal la.

Desizyon sa pran apre yon bat bouch espesyal nan apre midi jedi 12 oktòb 2023 a sou konfli ki genyen ant de (2) peyi yo, selon sa yo fè konnen delegasyon an ap gen ladann eskpè nan kesyon dlo ak eskpè jiridik pou evalye konstriksyon kanal la, misyon sila ap gen pou remèt yon rapò apre evalyasyon.

Nap fèw konnen peyi Sendomeng gen onz (11) priz nan rivyè a pat janm gen tout koze sa yo, tout pawòl sa yo vini apre pèp ayisyen an deside pran yon ti priz pou jere lakay yo. A swiv! #KPK

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …