AYITI/SENDOMENG: KÈK DETAY SOU JAN BAGAY YO KONPLIKE POU AYISYEN KAP VIV SENDOMENG YO.

Sityasyon ayisyen kap viv nan peyi Sendomeng yo difisil anpil, nan yon ti bat bouch ak kèt konpatriyòt nan peyi vwazen pou te gade kijan frè nou yo ak sè nou yo ap viv, sityasyon an grav anpil e otorite defakto yo ki nan peyi Dayiti ki pou ta defann e pote sipò bay ayisyen yo bliye wòl yo.

Sityasyon an vin pi konplike pou ayisyen yo apre popilasyon an Wanamèt la deside fin fè kanal la sou rivyè masak la, yon desizyon ki deranje prezidan dominiken an, Luis Abinader ki itilize tout mwayen pou fòse popilasyon an kanpe sou konstriksyon kanal la, li pran anpil desizyon gwo ponyèt tankou: li te fèmen fwontyè li, li kanpe sou vann viza ak ayisyen yo, li pran sanksyon kont tout moun ki nan komisyon kap jere konstriksyon kanal la, li mete pil sòlda sou fwontyè pou fè nou pè, li bay ajan imigrasyon li yo lòd pou depòte tout ayisyen ki san papye pou site sa yo, olye desizyon sa yo kanpe kanal la li bay popilasyon an plis fòs pou avanse (KPK).

Nou pote pou ou tout sa ou dwe konnen sou fèy ave, lè ou fin gade video sa abòne, pataje, like, kòmante…
Nou se Echojounal nou ap travay pou ou… jis klike la…
👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼

Nan moman nap pale la yo, ayisyen kap viv nan peyi Sendomeng yo an gwo difikilte ni sa ki legal ni sa ki pa legal menm timoun pa epanye, dominiken yo espesyalman ajan imigrasyon yo lage gwo koukouwouj dèyè ayisyen yo, gen zòn nan peyi Sendomeng ayisyen yo tou mete tèt yo nan prizon anndan kay yo, yo pa ka soti, fanm ansent moun malad pa ka ale lopital, yo pa ka ale nan mache, timoun yo pa ka ale lekòl, etidyan ayisyen yo nan gwo kouri pou site sa yo.

Ayisyen kap travay yo lè yo rive pou yo touche, pou patwon an pa peye yo yo rele ajan imigrasyon pou vin pran yo, yo fòse medàm yo kouche ak yo, moun yo pa fè imigrasyon pran, yo pran pi fò nan kòb moun nan ta dwe touche a e genyen se lè yo vle ba yo yon monnen yo ba yo li, yo konn touye yo e fouye twou mete yo.

Pilwen ajan imigrasyon yo lè yo pran ayisyen yo yo maltrete yo, yo bat yo yo imilye yo, yo vòlè tout sa yo jwenn sou yo, yo vyole medàm yo devan mari yo, devan pitit yo, genyen ki konn mouri, pafwa yo konn fòse yo peye pou yo pa ale ak yo.

Pou yon ayisyen achte nan yon mache li oblije chache yon zanmi dominiken oubyen li peye yon dominiken pou ale achte pou li pafwa dominiken an konn sove ak kòb la, lè sa ayisyen an rete san manje, genyen ki fèmen nan kay se kèk domiken bon kè ki lonje la men ba yo.

Kèk nan yo ki te fè yon ti bat bouch ak nou fè konnen bagay la rèd pou yo, yo pa konn ki sen pou yo rele, pi fò ladan yo di yo pa gen kote Ayiti pou yo vini, genyen ki pè pou bandi pa touye yo oubyen kidnape yo, pou repete kèk nan sa yo di yo.

Yon lòt bò gouvènman defakto a pa fè anyen pou pote ayisyen yo sekou, selon kèk nan moun yo se yon antant ant gouvènman dominiken an ak gouvènman defakto a pou voye ayisyen yo tounen pandan yo pa pran okenn dispozisyon pou resevwa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …