AYITI/ONA: ANPLWAYE ONA YO AN MÒD REVANDIKASYON, YO BAY DIREKTRIS LA WIKENN NAN POU DI SA LA DI A SINON BAGAY YO PRAL VIRE.

Apre anplwaye ONA Jakmèl yo, Kafou, Okap pou site sa yo, plizyè lòt biwo ONA nan kapital la kou an pwovens deside kanpe travay pou voye yon mesaj klè bay direktris jeneral la, M.B.Marescot.

Selon sa anplwaye ONA yo ki trè an difikilte fè konnen, depi 1e out 2023 yo fè yon demand prè sou salè, direktris la pa janm siyen yo, pandan yo fè prè a pou bezwen, gen ladan yo ki di bandi boule kay yo, yo pèdi tout sa yo genyen, gen nan yo ki nan men kidnapè pou site kèk nan sa yo di.

Pou tout rezon sa yo anplwaye ONA nan Anèks Pòtoprens, nan SONAPI, nan Miragwàn, nan Wanamèt, nan Dèlma 17 ak tout lòt biwo yo anonse yo ap kanpe travay semèn kap rantre a.

Yon lòt bò anplwaye ONA yo denonse move jesyon ki gen nan bwat la, selon yo pa gen materyèl pou yo travay, biwo yo an movez eta, biwo Kafou pa gen kouran, pa gen dlo, pa gen machin pou enspektè yo, menm kote pa genyen pou yo fè bezwen pou repete pawòl anplwaye yo.

Pilwen yo denonse sendika a ki pa itil enstitisyon an anyen, selon sa yo fè konnen manm SE-ONA yo bliye misyon yo olye pou defann anplwaye yo, ak veye bòn mach enstitisyon an, yo prefere ap chache manje nan chak direksyon ki moute, yo pa janm kanpe bò kote anplwaye yo.

Yon lòt bò anplwaye yo mande direktris la pou ba yo eksplikasyon sou ti kat la ke yo pa ka jwenn chak mwa a, se chak lè yo sonje yo bay li, pou ogmantasyon ak pwomosyon ke yo pa ka jwenn ke se politik yo ap fè ak yo, sou tout prè yo ke li bloke tankou ipotèk, kotizasyon, avans pou repete kèk nan pawòl anplwaye yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …