AYITI/TRANSPÒ: GOUVÈNMAN DEFAKTO A DESIDE ELIMINE SEKTÈ TRANSPÒ A NAN LAKOU PEYI DAYITI

Plizyè chofè denonse gouvènman defakto a ki pran desizyon pou elimine sektè transpò a nan lakou peyi Dayiti.

Selon chofè yo pou gouvènman defakto an atenn objekti li.

« Yo moute gaz la pandan de (2) fwa e mete yo anfas pasajè yo, pandan gaz la desann sou mache entènasyonal li pa desann pa bò isi. » Nan moman nap pale la yon galon gazolin ki te vann 250 goud ap vann 570 goud, yon galon dizèl ki te 353 goud pase a 670 goud.

Yo mete bandi nan tout kwen pou fè resèt, selon chofè yo, yon machin kap soti oubyen kap rantre nan Gransid peye twa (3) resèt (Matisan, Fontamara, Maryani) plis yo peye chaje machin nan, menm sityasyon pou yon machin kap fè Grannò yo peye plizyè resèt Kanaran, akayè, pou site sa yo e se menm sityasyon pou machin kap woule nan kè kapital la, pou repete pawòl chofè yo, san konte pyès machin ki vann tèt nèg.

Yo moute pri asirans chofè yo te konn peye pou machin yo, selon chofè yo, gouvènman defakto a miltipliye pri yo pa 2 jiska 3, pandan OAVCT pa itil yo anyen selon sa yo fè konnen.

Pilwen chofè yo fè konnen yo ap pran kontravansyon nan men lapolis, pafwa lè machin yo chaje polisye yo bwase yo, yo fè yo peye pou sa, selon sa yo fè konnen pafwa yo konn soti nan lari yo pa rantre ak yon goud pou madanm, pitit kap tann yo lakay.

Yon lòt bò yo denonse sendika yo nan sektè a ki pa defann yo men ki pito ap konplote ak gouvènman defakto a pou reyalize rèv yo ki se kraze sektè a e kreye plis chomaj anndan peyi a.

Chofè yo denonse ensekirite a ki frape pòt yo nan tout sans, bal mawon yo ap pran, bandi ap bat yo lè yo pa gen kòb pou yo peye, yo kidnape yo pou repete sa yo.

Nap fèw konnen sektè transpò a se yon gwo sektè e ki enpòtan anpil, san sektè sa peyi pap ka fonksyone.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …