AYITI/JISTIS: YOUN NAN JOUNALIS VEDÈT JOUNAL « PREMYE OKAZYON » YO ENVITE NAN PAKÈ.

Jij Martial Jean Claude envite jounalis radio television Caraïbes, Johnny Ferdinand pou prezante nan kare li jounen 12 janvye 2024 la.

Jij la envite prezantatè jounal Premye okazyon an ki gen ti non « Gran Boulva » a tit temwen nan kad dosye koripsyon bous detid federasyon Risi a, kote plizyè anplwaye nan ministè zafè etranje te pwofite kase ponyèt etidyan yo nan pran gwo lajan nan men yo.

Selon enfo yo jounalis la ki te mete dosye sila nan lari di lap prezante nan kare jij la jan li mande sa, nap fè ou konnen dènye rapò ULCC te mete deyò a konfime tout sa jounalis la te revele nan kad dosye sila.

Nou ap tou pwofite swete jounalis Johnny Ferdinand ki te vin sou tè a yon 11 janvye tankou jodi a bòn fèt e bon konba!

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …