AYITI/ZEN: PÒTOPRENS ANBA BAL, BABEKYOU REVANDIKE SA KI AP FÈT LA.

Pòtoprens leve anba anpil kout bal jounen jedi 29 fevriye 2024 la, yon sityasyon ki mete gwo panik nan mitan popilasyon an ki ap kouri nan tout sans.

Nan mitan jounen an, ansyen polisye Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non Babekyou anonse nan yon konferans pou laprès ke se yo menm ki ap frape.

Li fè konnen pa gen G9, ni G pèp ankò yo tout met tèt yo ansanm pou libere peyi a anba men mouche Ariel, li mande pou tout bandi yo nan tout kwen nan peyi a pou tounen zam yo kont moun ki te ba yo li a.

Towo a ale pi lwen pou li di yo pral chache kay tout minis yo ak chèf polis defakto a, Frantz Elbe pou li voye yo al jwenn mouche Ariel kote li ye a. Li mande polisye yo pou yo lage Ariel.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …