AYITI/SANTE: SEKTÈ MEDIKAL LA NAN LAKOU PEYI DAYITI KONTINYE AP NEYE.

Apre tout tantativ gouvènman pase yo nan tèt kole ak sektè prive a pou elimine sektè medikal la nan peyi Dayiti, nan dènye jou sa yo sektè sa pran gwo frap e popilasyon an bò kote pa yo nan gwo difikilte pou pran swen.

Nan lannwit lendi 25 mas 2024 la nèg ak zam piye, kraze epi mete dife nan majorite famasi ak ti sant sante ki twouve yo nan zòn lopital jenaral yo, aksyon sa rive nan yon moman kote chak jou Bondye mete popilasyon an ap viktim anba bal tout kalite koulè, san konte moun ki malad ki bezwen swen.

Apre atak sa ki fèt la anpil moun ap poze kesyon, ki ka popilasyon an nan yon moman si difisil? kote lajan pa sikile, majorite biznis fèmen, genyon grèv jeneral nan peyi a depi plis pase yon mwa, majorite biwo leta kou prive yo fèmen, lopital prive yo tèt nèg pou ou achte yon medikaman lakay yo ou bezwen yon ti malèt lajan.

Nou ap fè ou konnen nan moman nou ap pale la grenn lopital ke popilasyon an te gen aksè ak li a ki se lopital inivèsite leta a fèmen pou ensekirite, gen pwoblèm medikaman nan peyi a akoz mouvman nèg ak zam yo, pò yo fèmen, avyon pa vole.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …