AYITI/ENSEKIRITE: GWO MALÈ PANDYE SOU TÈT MOUN MIBALÈ APRE YO FIN BAY DE TOWO KI TE NAN MEN LAPOLIS BWA KALE.

Gwo malè pandye sou tèt moun ki ap viv nan komin Mibalè apre yon gwoup moun nan popilasyon an te pase a lenfinitif de (2) mesye ke lapolis te mete anba kòd nan mitan jounen vandredi 29 mas 2024 la.

Selon enfo yo mesye sa yo ta pral achete bal pou gwoup bandi 400 mawozo, ladan yo genyon polisye aktif ki rele Ananel Alexandre, li se yon ajan 2 nan BIM e lòt mesye a li menm se yon ajan sekirite konsèy elektoral pwovizwa li rele Michelet Musca.

Lapolis te arete mesye sa yo nan Yon Nissan X-Terra, nan machin sila lapolis jwenn de (2) pistolè 9 mm, sis (6) milyon goud ak 20 mil dola vèt, popilasyon an te debake vin pran mesye sa yo nan men lapolis ki te fè anpil rezistans pou sa pat fèt te tire anpil kout bal, malgre sa pèp la te pran yo e ba yo bwa kale.

Touswit apre lanmò mesye yo, mesye 400 mawozo yo reyaji, anpil kout bal tire nan tout kwen nan Kwadèboukè, ta menm genyon konfli ki eklate nan mitan yo, selon enfo nou rive jwenn se ta yon kout dwèt nan mitan yo ki ta lakoz lapolis ak popilasyon an rive met men sou mesye yo.

Yon lòt bò anpil nan bandi yo antann yo pou vanje sa ki pase a, machin ki ap soti oubyen ki prale Mibalè gen anpil malè pandye sou yo, selon enfo yo mesye 400 mawozo yo vle vanje sa ki pase a pa nenpòt mwayen.

Nou ap fè ou konnen se mesye ak zàm yo ki kontwole anba mòn kabrit depi yon bon bout tan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …