AYITI/KANAL: DOMINIKEN YO ITILIZE YON GWO MWAYEN POU ELIMINE KANAL LA.

Pandan nèg pa bò isit ap goumen pou pouvwa nan yon konsèy prezidansyèl ak sèt (7) tèt, youn ap bare lòt pou yo se yo ki gen kontwòl pouvwa a.

Pandan nèg ak zam yo antann yo pou touye, kraze, brize tout ti sa ki rete nan peyi a, tankou lekòl, inivèsite, lopital pou site sa yo.

Dominiken yo kontinye ap kreye mwayen pou elimine Kanal la, lame dominike debake nan zòn tou pre kanal la yo mete yon ponp pou rale dlo a, yon fason pou nou pa jwenn ase dlo nan kanal pa nou an, yon sityasyon ki leve plim sou do anpil ayisyen e sitou dyaspora a ki te bay tout yo menm pou konstriksyon kanal sila, men elas! Tinèg pa bò isit se pa peyi yo wè, se pouvwa, pòch yo ak fè bòs yo (blan) plezi.

Nou ap fè ou konnen pandan grenn kanal nou an deranje otorite dominiken yo, yo gen 11 priz nan rivyè a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …