AYITI/POLITIK: « Ansanm » mande jij yo pran responsabilite yo pou rezoud kriz la nan peyi a.

Platfòm politik « Ansanm » mande jij yo nan kou kasasyon pou pran responsabilite yo pou rezoud kriz la nan lakou peyi Dayiti pou popilasyon an kapab rale yon souf.

Platfòm nan fè pwopozisyon sila nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi 24 avril 2024 la, selon kòdonatè jeneral la, Elian Wilner se sèl fason pou peyi a soti nan kriz san parèy sa li ye a, li mande jij yo pou deziye youn nan mitan yo pou pran kontwòl tranzisyon an pou mete peyi a sou yon lòt ray.

Pilwen kòdonatè a mande pou genyon Akò Politik lajman laj ki pral gen plizyè misyon tankou fè limyè sou eskandal lajan FNE ak lòt ankò, òganize eleksyon, mete sekirite, fè odit jeneral sou tout kont leta yo, redui pati politik yo nan peyi a, bay ekonomi an jarèt pou repete kèk nan yo.

Yon lòt bò Elian Wilner fè konnen se antann pou nou antann nou pou volonte enmi peyi Dayiti yo tankou CARICOM, Kanada, Lafrans, Etazini pa pase, li mande jij yo pou dekwaze bwa yo, pou yo aji rapid vit pou pote yon solisyon ak kriz la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …