AYITI/POLITIK: PATI POLITIK « ICAP » DENONSE MESYE DAM POLITIK YO KI AP TRAVAY JAN BLAN AN MANDE LI A.

,Nan yon ti bat bouch ak prezidan pati politik ICAP la, Jean Chrisnel DÉCIME apre midi lendi 13 me 2024 la, prezidan an deklare tout sa ki ap pase nan peyi a la se sa blan an mande yo ki ap aplike.

Kesyone li sou konsèy tranzisyon chak moun fè ti kout la, Jean Chrisnel fè konnen li pa wè Ayiti nan sa ki ap fèt la, li kalifye nèf (9) manm konsèy yo de apatrid, de 9 Jean Baptise de Conzé, ki abandone tout idewoloji yo te genyen pou kraze peyi a jan blan an mande li a, pandan yo ap eseye fè pèp la konnen yo ap travay pou peyi a pou rezon sa yo lidè deklare ICAP ki gen pou definisyon
« Initiative des Combattants Pour l’Avancement et le progrès d’Haïti » nan opozisyon.

Pilwen Jean Chrisnel fè konnen jan kowalisyon prezidansyèl 9 manm sa yo moute la pi frajil ke kowalisyon « viv ansanm » nan paske se yo menm nan pasaj yo sou pouvwa apre depa Jean Claude Duvalier ki te plante sa peyi a ap rekòlte la, pou kore sa li di a li raple istwa frap atache, chimè rat pa kaka ak bandi legal yo.

Pou peyi a soti nan sa li ye a selon ICAP pèp la dwe fè sa zansèt yo mande a, sa konstitisyon an di, sa nou ap chante nan im nasyonal la men se pa sa blan mande, li mande pou tout rejwenn yo pou konbat sa ki ap fèt la pou moun ka rale yon chans.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …