AYITI/POLITIK: MEN KIJAN GATO A SEPARE ANT MANM CHAK MOUN FÈ TI KOUT YO.

Nan yon vòt ki fèt jounen vandredi 7 jen 2024 la nan mitan manm konsèy chak moun fè ti kout yo pou 9 ministè yo gen nan men yo a, men kijan sa ye nan moman nou ap pale la.

« Sektè prive afè a » gen nan men yo ministè komès/touris. (MCI), « Pitit Dessalines » gen nan men li ministè agrikilti/anviwonman (MARNDR/MDE), « Sosyete sivil la » genyen afè sosyal ak travay yo (MAST), sante piblik (MSPP) nan men « akò 21 desanm« , « Lavalas » mete men sou travo piblik (MTPTC), « Accord Montana » pran edikasyon/kilti (MENFP/MCC), « Collectif 30 janvye » gen nan men yo ministè jenès ak espò (MJSAC) pou site sa yo.

Nan moman vòt sila te gen anpil bouch pa gou ak sezisman, reprezantan sektè prive a te lage pye li anvan vòt yo demare, RED/EDE fè gwo sezisman apre yo te fin antann yo sou yon pwen ak Pitit Dessalines, pandan dewoulman aktivite yo Pitit Dessalines ak Akò 21 desanm fè yon lòt koub.

Nou ap vini ak non tout minis yo pandan jounen samdi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …