AYITI/POLITIK: APRE ANPIL DISKISYON KABINÈ MINISTERYÈL LA RIVE FÒME

Apre anpil diskisyon ant konsèy tranzisyon chak moun fè ti kout la ak premye minis tranzisyon an, Garry Conille, kabinè ministeryèl la rive fòme apre midi lendi 10 jen 2024 la.

Moise Jean-Pierre pran tèt ministè Anviwonman, Vernet Joseph nome minis agrikilti, Franck Wilbert Georges nome minis afè sosyal ak travay, Brignol Georges Fils pran tèt ministè sante piblik,
Antoine Augustin pran tèt ministè edikasyon nasyonal ak ministè kominikasyon, James Monazard pran tèt ministè komès ak touris, Dominique Dupuy pran tèt ministè zafè etranje, Garry Conille nome minis enteryè, Carlos Hercule pran tèt ministè jistis, Ketleen Florestal pran tèt finans ak planifikasyon, Jean Marc Berthier Antoine pran tèt ministè defans, Niola lynn Sarah Devalis Octavius pran tèt ministè jenès ak espò, Raphael Hosty minis travo piblik, Marie Françoise Suzan pral mennen ministè fanm.

Arete a ta dwe soti jounen madi 11 jen 2024 la selon enfo nou rive jwenn.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …