AYITI/ENSEKIRITE: GWO DIFIKILTE POU KOMÈSAN TYÒT, FORÈ, ORYANI, BOUKAN CHAT.

Komèsan Tyòt, Forè, Oryani, Boukan Chat pou site sa yo mande moun ki pote non otorite nan peyi Dayiti yo pou di yon mo pou yo nan koze bandi ki ap taye banda nan plèn nan.

Selon sa moun yo fè konnen tout pwodui yo tankou chou, pwavon pou site sa yo ap gate, gaspiye nan men yo akoz yo pa ka travèse Gantye, plèn nan pou al vann yo Kwadèboukè ak Kwabosal akoz bandi ki ap fè yo moute yon masife.

Moun yo fè konnen se lajan ponya, lajan kès popilè ki nan men yo, yo mande « konsèy chak moun fè ti kout la » premye minis tranzisyon an, direktè jeneral lapolis la pou tande kri yo yo ak soufrans yo pou degaje yo met sekirite nan peyi a pou moun ka fonksyone.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …