AYITI/KONSÈY: MEN TOUT DESIZYON KI PRAN NAN KONSÈY MINIS YO JOU KI TE 18 SEPTANM 2024 LA.

Nan yon konsèy minis ki fèt jounen 18 septanm 2024 la, gouvènman defakto a pran plizyè desizyon. Nan konsèy sila tout manm « konsèy chak moun fè ti kout yo » ak premye minis defakto a, Garry Conille te prezan.

Yo pran desizyon sa yo apre bat bouch yo.

1-) Yo mete kanpe komisyon verite, jistis ak reparasyon an ak moun sa yo nan tèt li:

a) Monsieur Gardy MAISONNEUVE, Prezidan ;
b) Madame Marie Esther FELIX, manm ;
c) Monsieur Renan HEDOUVILLE, manm ;
d) Madame Marie Elise Brisson GÉLIN, manm ;
e) Monsieur Ocinjac BENJAMIN, manm ;
f) Madame Marie Yanick Mezile LHERISSON, manm ;
g) Monsieur Paul Rachel A. CADET, manm.

2-) Yo mete kanpe yon konsèy elektoral ak 7 moun ki se:
a) Madame Schnaida ADÉLY (sektè Vodou)
b) Monsieur Patrick SAINT-HILAIRE (Conférence Épiscopale d’Haïti)
c) Monsieur Peterson PIERRE-LOUIS (Cultes Réformés)
d) Madame Marie Florence MATHIEU (Conseil de l’Université)
e) Monsieur Jacques DESROSIERS (Associations de Journalistes)
f) Monsieur Jaccéus JOSEPH (Associations de Paysans)
g) Monsieur Nemrod SANON (Syndicats)

3-) Yo nonmen Jean François THOMAS nan tèt ANAP kòm direktè jeneral.

4-) Yo nonmen Guy Roméro LATRY direktè jeneral jeneral ministè planifikasyon.

5-) Yo deklare lendi 23, madi 24, ak mèkredi 25 septanm 2024 dèy nasyonal nan memwa moun ki te mouri nan eskplozyon kamyon gaz nan Miragwàn jou ki te 14 septanm 2024 la.

Nou ap fè ou konnen gen plizyè enstitisyon nan peyi a ki bloke akoz gouvènman defakto a pa janm chanje direktè yo, majorite nan direktè sa yo ke yo pa manyen an nan move zafè.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …