AYITI/EDIKASYON: GOUVÈNMAN DEFAKTO A FÈ GWO DEKLARASYON POU OUVÈTI LEKÒL LA PANDAN MENM REZILTA YO YO POKO FIN BAY.

Gouvènman defakto a deklare yo pran tout dispozisyon pou timoun yo kapab tounen lekòl 1e oktòb 2024 ki ap vini la jan yon te anonse sa, yon dispozisyon ki parèt flou nan je anpil paran ak elèv. Yo anonse se nan sid peyi a ke yo ap fè lansman an nan lekòl « Centre Technique et Professionnel des Cayes »

Pandan gouvènman an anonse yo pran tout dispozisyon, menm rezilta egzamen ofisyèl yo yo poko fin bay, san konte yon pil lekòl ki sou kontwòl bandi e gen anpil lòt ki se abri pou yon pil moun bandi pran zòn kote yo te rete e boule kay yo. Kesyon ki ap poze èske timoun Lasalin yo, Site solèy, Ba Dèlma, Kwadèboukè, Tòsèl, Matisan, ba Latibonit pou site sa yo ap gen ouvèti lekòl pou yo 1e oktòb 2024?

Sou plan ekonomik anpil moun nan depatman sid, Latibonit, Gantye ak tout zòn ki tou pre yo gen gwo difikilte pou prepare antre lekòl la akoz yo pa ka deplase pou al achte ni pou vann sa yo gen nan men yo pou kapab peye lekòl e fè inifòm pou ti moun yo, sa ki pouse anpil moun ap poze kesyon ki dispozisyon gouvènman defakto a pran menm?

Nou ap fè ou konnen gen anpil paran ki yon bò e timoun yo yon bò, lekòl ki nan zòn ki plizoumwen yo moute pri yo tèt nèg, menm chosèt, soulye se nan lekòl la yo egzije paran yo pou yo achte yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …