AYITI/POLITIK: GUY PHILIPPE FÈ YON GWO ADRÈS AK NASYON AN.

Nan yon konferans pou laprès jounen dimanch 13 oktòb 2024 la, ansyen chèf rebèl nan lane 2004 la, Guy Philippe adrese li ak nasyon an e mande yo pran lari a jou ki ap 17 oktòb 2024 la.

Ansyen chèf rebèl la nan mesaj li ak nasyon an li mande popilasyon an pou yo ede li fè batay la 17 oktòb 2024 ki ap vini la, li mande yo pou yo pase bay manm « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout » yo, manm gouvènman yo ak politisyen yo yon ti vizit lakay yo, nan biwo yo pou yo kapab tande vwa yo.

Li mande polisye yo pou kite popilasyon an manifeste pou defann dwa yo pou yo kapab jwenn sa yo bezwen tankou bon jan lekòl, inivèsite, lopital, sekirite pou repete kèk nan pawòl Guy Philippe yo.

Pilwen li mande mesye dàm « Viv ansanm » yo pou yo tounen zàm ki nan men yo a nan direksyon moun ki te ba yo li yo a, li mande yo pou yo ede popilasyon an pran lari a, pou sispann tire bal sou pèp la, pou yo debloke wout yo pou popilasyon kapab lib pou vakye ak aktivite yo e pran lari pou kraze sistèm nan.

Yon lòt bò li kritike premye minis defakto a, Garry Conille ki kite peyi a sou pretèks li al chache èd, pandan li pa pran okenn desizyon sou pil moun ki sot mouri Ponsode yo, sou ayisyen ajan imigrasyon dominiken ap maltrete nan fè kadejak sou yo, bat yo pou repete kèk nan pawòl ansyen kòmandan Guy Philippe yo.

Pou fini li fè tout moun konnen li ap tann yo an foul nan tout kwen nan peyi a 17 oktòb, selon Guy lè yo an foul lapolis pap kapab bloke yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …