AYITI/DYASPORA/REFERANDÒM: YON GWOUP AYISYEN KAP VIV NAN PEYI LAFRANS DI WI AK PWOJÈ REFERANDÒM KONSTITISYONÈL ADMINISTRASYON JOVENEL MOÏSE.

Yon pati nan dyaspora nan kominote ayisyèn lan ki ap viv nan peyi Lafrans manifeste jounen samdi 5 jen 2021 an nan lide pou di wi ak pwojè referandòm konstitisyonèl gouvènman Jovenel Moïse la vle bay Popilasyon an nan lide pou li ka pase men konstitisyon 1987 la.

Manifestan yo di se pou premye fwa yo pral ka patisipe nan aktivite politik peyi a paske yo ap ka vote, yo ap ka kandida pou nenpòt pòs nan peyi a sof pou pòs prezidan.

Yon lòt kote yo fè konnen zafè 200 pati politik sa nan peyi a ap fini gras avèk nouvo konstitisyon chèf leta a pale a.

Nap raplew jiskaprezan pwojè referandòm lan poko wè klè 27 jen paske konsèy kosiltatif endepandan an mande pou pwolonje dat fas avèk moute kowona viris la nan peyi a.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …