AYITI/KIDNAPIN: 400 MAWOZO KIDNAPE GIOVANNI CALÌ, YON ENJÈNYE ITALYEN AK YON KOLABORATÈ AYISYEN.

_Gwoup gang 400 mawozo kidnape madi ki sot pase a yon enjenyè italyen, Giovanni Calì ki gen 74 lane sou tèt li ak yon kolaborè ayisyen. Ravisè yo egzije 500 000 dola ameriken pou libere otaj yo, daprè jounal le nouvelliste._

Medya italyen yo rapòte pakè Wòm louvri yon ankèt sou ka kidnaping kont ranson ki fèt sou enjenyè italyen an, Giovanni Calì. Gon lòt medya italyen ki fè konnen enjenyè italyen an bezwen pran medikamen l an ijans.

Giovanni Calì ta enstale an Ayiti depi 2017. Li kolabore avèk fim bonifica Spa, lidè mondyal nan konstriksyon wout nan peyi etranje, rapòte le nouvelliste.

Gwoup gang 400 mawozo ap opere nan komin Kwadèboukè, Gantye ak nan plèn Kildesak. N ap raple, gwoup gang 400 mawozo te fè pati gwoup gang pouvwa an plas la te di li te demantle yo .

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …