AYITI/ENSEKIRITE: YON MOUN MOURI AK YON LÒT BLESE NAN YON VÈY NAN KOMIN MIRAGWÀN.

Nan lannwit kat (4) pou louvri jounen samdi senk (5) jen 2021 an, endividi moun pa idantifye touye nan lokalite savann lwès ki nan premye seksyon kominal Miragwàn Chalon, Fritz ensikoni ak Loubinson Thomas pandan yo tap patispe nan yon vèy .

Jij nan tribinal pou lapè komin Miragwàn lan Vilsaint Claudy, ki fè konsta yo fè konnen Fritz ensikoni mouri sou plas aprè li te resevwa plizyè katouch nan tèt li ak Loubinson Thomas ki resevwa de (2) katouch nan avan bral dwat li.

Majistra Claudy Vilsaint, aprè konsta legal te bay lòd pou leve kadav la epi metel nan yon mòg nan premye seksyon Chalon, lòt blese a te ale pran swen sou kabann lopital Senterèz.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …