AYITI / REFERANDÒM : YOUN NAN MANM SELIL SYANTIFIK LA SWETE GOUVÈNMAN KANPE REFERANDÒM LAN.

Manm selil syantifik maladi kowonaviris la nan peyi Ayiti doktè Jean William Pape, ki swete ak gouvènman ayisyen an pou kanpe referandòm lan k ap fèt venn sèt (27) jen k ap vini la pou evite pwopagasyon pandemi an.

Doktè Pape, ki swete gouvènman kanpe referandòm lan pou evite pwopagasyon maladi a, manm selil syantifik la ki di pozisyon li an medikal ki pa gen anyen pou wè ak politik.  » Sa t ap kontrè pou gouvènman ap di fèmen lekòl pou evite foul moun rankontre epi pou ta ap òganize referandòm », daprè deklarasyon espesyalis nan sante a doktè Jean William Pape.

Doktè  Jean William Pape, ki mande ak aktè politik yo fè yon ti kanpe sou koze politik la, men fokis sou pandemi an ki danjere anpil pou peyi Ayiti.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …