AYITI/ ENSEKIRITE :  » DÉFENSEURS PLUS » RELE ANMWE POU ZAK VYOLANS YO NAN MATISAN.

Nan yon nòt pou laprès òganizasyon dwa moun ki pote non  » Defenseurs plus » mete deyò jounen vandredi kat (4) jen 2021 an, denonse zak vyolans k ap taye banda nan twazyèm sikonskripsyon pòtoprens lan.

Nan nòt lan  » Defenseurs Plus » ki denonse perèz, latwoublay ak lanmò, kise sitiyasyon plizyè moun ki abite nan antre sid kapital depi plis pase twa (3) jou. Anpil nan konpatriyòt yo pakab antre lakay akoz bandi k ap fè lalwa.

Direktè egzekitif « Defenseurs plus » la Antonal Mortimé, ki denonse konpòtman lèse grennen ak manfouben Otorite nan Leta yo ki pa janm pran desizyon pou kontwole pò, ayopò, zòn fwontalye kise koulwa zam kap rantre nan peyi a.

Responsab  » Defenseurs plus » la, ki raple ak Otorite nan Leta yo Demokrasi mache kole kole ak bon jan kondisyon pou moun viv nan sekirite. Se pou sa, òganis dwa moun lan mande pou rezoud ensekirite a ki gaye toupatou sou teritwa avan sa rive nan dènye bout li.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …