AYITI/KIDNAPIN : DE (2) MOUN KIDNAPE NAN KOMIN ENCH

De (2) jèn fi kidnape nan komin Ench depatman Sant nan aswè disèt (17) jen 2021 an, nan sant Vil Ench tou prè plas piblik  » Charlemagne Peralte ».

Selon enfòmasyon yon abitan nan komin lan bay ak redaksyon Echo Jounal, li fè konnen de (2) jèn fi ki kidnape yo se Ganaelle Beaugé ak Malessa Saint Preux. Toujou daprè esplikasyon li, kidnapè yo mande desan mil dola ameriken (200 000 US) pou liberasyon Ganaelle Beaugé ak san senkant mil dola ameriken (150 000 us) pou liberasyon Maalessa.

Nou ap siyale, sa pa gen plis ke de (2) semèn depi yo chanje direktè depatmantal polis Sant lan, nan objektif pou mache kontre kare zak bandi yo nan depatman sa a.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …