DISTENGE NAN PALMARÈS 2021 AKADEMI FRANSÈZ, DIREKSYON NASYONAL LIV( DNL) FELISITE FRANKETIENNE, EMMELIE PROPHÈTE AK LOUIS-PHILIPPE DALEMBERT.

Touswuit apre akademi fransèz fin distenge 3 ekriven ayisyen nan palmarès 2021 li, Franketienne, Emmelie prophète ak Louis Philippe Dalembert, direksyon jeneral direksyon nasyonal liv bò kote pa l, konplimante ekriven sa yo.

« Direksyon jeneral direksyon nasyonal liv felisite ekriven ayisyen sa yo : Frankétienne, Emmelie prophète ak Louis- Philippe Dalembert ki distenge nan palmarès 2021 akademi fransèz ».

Frankétienne ranpòte gran pri frankofoni; Emmelie prophète ranpòte pri reyonman lang franse ak literati fransèz; Louis-Philippe Dalembert ranpòte pri François Coppée pou kantik balbityeman.

Daprè direksyon jeneral DNL, literati ayisyen an ap toujou rete debou.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …