AYITI/ ENSEKIRITE:  » DÉFENSEURS PLUS » MANDE AK OTORITE YO POU REZOUD ENSEKIRITE PEYI A TWOUVEL LA.

Òganizasyon dwa moun « Collectif Défenseur Plus », di yo kontinye ap konstate ak anpil regrè ogmantasyon zak ensekirite a pandan dènye mwa yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ak divès vil pwovens. Pandan setan peyi a twouvel nan yon vid enstisyonèl depi aprè asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, palman ki pat fonksyonèl depi avan sa, pouvwa jidisyè a paralize depi aprè lanmò nan kowonaviris la mèt René Sylvestre nan mwa jen pase a.

Òganis dwa moun lan, ki raple zak banditis yo pajanm sispann nan kèk zòn tankou Matisan kote gang yo pa sispann touye moun,  » Collectif Défenseurs », ki site plizyè ka kidnapin ki fèt nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, sitou ka etidyan yo te kidnape lakay li nan Bonrepo, jounalis espòtif Frantz Paul, madanm li ak frèl ki te kidnape nan zòn Gwo Mòn, depatman Latibonit ak Basen Ble nan depatman Nòdwès.

Boutofen, « Collectif Défenseurs Plus », ki denonse 2 atak ki fèt sou lokal yo nan mwens ke 9 mwa, òganis lan ki raple ak otorite yo garanti sekirite sitwayen yo se premye devwa yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …