AYITI/POLITIK: PREMYE MINIS ARIEL HENRY VOYE JETE LIDE POU TA GEN YON PREZIDAN NAN PALÈ NASYONAL ANVAN REYALIZASYON ELEKSYON YO

_Premye minis Ariel Henry voye jete pwopozisyon anpil sektè nan sosyete sivil la ak nan opozisyon an fè nan sans pou ta gen yon prezidan nan palè nasyonal ki pou dirije tranzisyon an. Selon Ariel Henry, se eleksyon yo ki dwe kondui ak yon prezidan nan tèt peyi a._

Entèvni nan radyo Scoop FM jounen madi 3 dawout la, chèf primati a pran distans li ak lide pou ta gen yon prezidan nan palè nasyonal anvan reyalizasyon eleksyon yo. » Pa gen mekanis pou nonmen yon prezidan jounen jodi a. Gen yon tèt ki sote, pa gen mwayen pou ranplase l », deklare chèf primati a ki tap reponn kesyon sou negosiyasyon ki antame sou evanstyèl posibilite pou ta gen yon chèf Leta nan peyi a.

« Se eleksyon ki dwe abouti ak yon prezidan nan palè nasyonal », daprè Ariel Henry.

Yon lòt kote, chèf gouvènman an fè konnen gen dyalòg ki tanmen avèk yon pakèt aktè politik pou kapab gen yon akò politik ki jwenn nan sousi pou eleksyon yo kapab reyalize anndan peyi a.  » Eleksyon yo dwe reyalize nan yon bon klima, san pa gen okenn twoub », pawòl chèf primati a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …