Seleksyon Kolonbi a rive valide biyè dezyèm tou li gras a viktwa yo sou ekip Senegal la (1-0).
Senegal konnen yon defèt nan Samara Arena a devan ekip Kolonbi a, apre Yerry Mina ta pral make yon gòl pou kolonbyen yo nan swasann katòzyèm minit (74zyèm). Yon viktwa ki ta pral mete Senegal deyò e pèmèt Kolonbi jwenn biyè li e pase an premye pozisyon nan gwoup H la.
Kolonbi ap gen pou afonte nan dezyèm tou ekip Angletè a 3 jiyè 2018 kap vin la a dizè nan maten nan lè peyi Dayiti.