AYITI/TRANBLEMAN TÈ : 724 MOUN MOURI AK 2800 BLESE, SE DÈNYE BILAN PWOTEKSYON SIVIL METE DEYÒ SOU PASAJ TRANBLEMAN TÈ A AN AYITI.

Nan yon konferans pou laprès responsab pwoteksyon sivil la, Jerry Chandler, bay jounen dimanch 15 dawout 2021 an, li fè konnen bilan apre pasaj tranbleman tè a pase a 724 moun ki pèdi lavi yo epi 2800 lòt moun blese.

Gen pou piti 724 moun ki mouri nan tranbleman tè samdi 14 dawout la an Ayiti, daprè nouvo bilan responsab pwoteksyon sivil la, Jerry Chandler, prezan nan konferans pou laprès dimanch 15 dawout la.

Depatman Sid gen 500 moun ki mouri, depatman Nip gen 122 moun ki pèdi lavi yo, 100 moun mouri nan depatman Grandans ak 2 moun nan Nòdès.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …